Adrienne
Updated: Nov 8, 2018
Adrienne
Adrienne
Gen pitye pou mwen ti cherie
Depwi twazan m'ap file ou
E ou konnen mwen renmen ou
Ou refuze aksepte mwen
M'pa konnen sa pou m di ou ankó
Ti Adou
M 'aksepte tout kondisyon ou
Sa ou mande m mwen dakó
Fè mwen gras
Ou te di 'm pran ti pasyans
Pou leu ou fin kominye
Mwen tann ,mwen tann
Jus leu ou fin konfirme
Ou mande pou m sermente
Si reyelman m renmnen ou
An verite
cherie m pran Dieu
Kóm temwen m
Adrienne
Mwen gen twazan depwi m 'ap file ou
Aksepte mwen
Mwen pran Dieu kóm temwen
Mwen renmen ou
(2x)
Adrienne
Mwen gen twazan depwi m' ap file ou
Aksepte mwen
Mwen pran Dieu kóm temwen
Mwen renmen ou
(2x)