An'nay pi fon
An' nay
(4x)
An' nay pi fon
Frè ranm
An' nay pi fon
Pou nou suspann gade
Pou n antre nan nannan koze
Ansanm ansanm pou nou pale
An' nay
(4x)
An'nay pi fon fre ranm
Pou nou suspann gade
Pou n konprann kisa kap pase
Nan tet ansanm pou nou fon ti pale
Tankou yon maladi
Kap fin depafini
Tankou yo malè pandye
Kap fè kè nou sere
Piti piti nape tchuipe
Tou piti nap gade
Nou refuze met tet ansanm
Pou nou travay
Yo di yo se zanmi
Yo di yo renmen nou
Se pa jodia nap tande sa
Se depi digdantan
Nou wè tou sa yo fè
Pa egal a sa nou bezwen
(2x)
Yo di yo se zanmi
Yo di yo renmen nou
Se pa jodia nap tande sa
Se depi digdantan
Nou wè tou sa yo fè
Pa egal a sa.nou bezwen
(2x)
Nou chita nap gade
Mouch plen bouch annou
Tou sa kape fèt nou pat
Konprann anyen
(2x)
An'nay pi fon frè ranm
Annou travay ansanm
Se pa wout la ki long
Se nou k pa konn mache
(2x)
Composition Parisien Fils-Aime
Voix Parisien Fils-Aime