Aprann reflechi
Proche pi pre
Pou nou tande
Yon bel proveb
Sa fè lontan nap repete l
Proveb sila a
Gen ampil sans
Poutan lezom
Pa janm enteprete l
Menm jan
Nou toujou tande yo di
Ke tout chimen mennen a rome
Nan mal enteprete l
Anpil nan nou
Tombe nan trou
Si ou vle reyisi lavi
Fo w pa chwazi
Chemen krochi
Pran chemen
Ki dwat
Yon jou
Wa va jwenn siksè
Ampil moun panse
Yo k rive
Pa nempot mwayen
Paske wout la long
Pa janm bliye
Pa gen sikse
San onetete
Le n vle avanse
Ampil moun panse
Yo k rive
Pa nempot mwayen
Paske wout la long
Pa janm bliye
Pa gen siksè
San onetete
Le n vle avanse(2x)
Pou w reusi la vi
Nou kapab
Fe ampil bagay
San w pa nwi pesonn
San ou pa anmede tet ou (2x)
Pou w reusi lavi