Bann Jouda
Bann jouda yo Sispann mache pale Sa nou pa wè Bay sosyete repo Tanpri souple Pa mete divizyon Nan la fanmi Pa kontinye Veye afè vwazinaj Pou n kritike Sispann pote koze Bay madanm ak mari Sa kapab pi mal Pou nou demen Bouche manje tout manje Li pa di tout pawol Defen grann mwen Toujou ap di Bagay sila Se pa pou yon biten Pou nap fè tripotaj Bann jouda Bay la sosyete repo
Ak jouda sa yo Bon moun antrave Moun debyen mele Yo pale sa yo Pa wè Moun debyen mele Yo toujou ap veye Zafè vwazinaj Moun debyen mele Pote ale Pote vini Moun debyen mele
Ak jouda sa yo Bon moun antrave Yo toujou ap veye Zafè vwazinaj oo Son bann pote ale Pote tounen
Moun debyen mele Ak jouda sa yo Bon moun antrave Moun debyen mele Yo pale sa yo pa wè Moun debyen mele Yo toujou ap veye Zafè vwazinaj oo Moun debyen mele
Voix: Giordany Joseph Texte: Daniel Larivière Orchestre Tropicana D'Haïti