Declaration
Updated: Nov 8, 2018
Rêv pa m
Depi lontan
C t jwenn
Yon bel fanm
Men jou ale
Jou vini
Mwen pa janm
Jwenn fanm sa
Gade m rankontre l
Fó w ta wè
Janm trouble
Men cherie tanpri
Di mwen si wap pran ka m
Di mwen si m met espwa w
Gade m ta vle
proche bó kote w
Mape mande
Ou kwè wap repouse mwen
Tanpri pitye
Ban mwen
Yon ti chans
Paske san ou
M santi m pa ka viv
Si w asepte m
Map jwenn setyèm syel
Mèt kwè se san koule
nan venn mwen
Aksepte m pou m fini
Fini ak soufrans sa
Pran ka m pou kè m lache
Fini ak lapenn ou oo
Mwen ta omwen soulaje
Ou boulvèse lólój mwen
San w pa konnen
Si ou ta banm ti kèw
Se ta yon chans
Somey mwen trouble
Chak swa lè m domi
Imaj ou projte
Byen gran nan kè mwen
Cherie
Tanpri pran ka mwen
Menm pou yon fwa
Di mwen ki sen
Pou m priye
Pou m posede w
Manyè twaze mwen
Mwen ta di m sove
Lonje men w ba mwen
Ma kampe jwenn ou (2x)