Frè kot papa
Al traka
Jèn gason amoureu
Gen pou yo pase
Lè w renmen
San reserve
Ou gen ampil pwoblem(2x)
Se bó sackre keu
Mwen t gon ti menaj
Nou t telman damou
Avan l domi
C pou m al kote l
Paran l gen miami
Yon jou voye cheche l
Depi lè sa mwen pa viv
Dlo frèt pa bon nan bouche mwen
Le l ekri m li di cheri map tann ou
Fe vit vini pa nenpot mwayen
Apre dezan m degaje m
Jwenn yon viza
M antre miami
Mal jwenn boubout mwen
Desann kay zanmi mwen
Li ret kay paran li
Nan telefon nou kominike
de semen aprè nale nan on ti bal
Nou chita sou tab
Yon flanneu vin paret
Menaj mwen di mwen
Se frè l kot papa
Nou fe konesans msyeu chita
Depi l fin chita
Lap pale a menaj mwen
Nan yon lang ke m pa konprann
Nan tout sa yape di
Se de mo m plis tande
Love my love
Chak moso ki frape
Yal jus nan mitan pis la
Lè mal pran yon ti jof
mesyeu kè m manke bloke
An verite m manke dezole
Nan miami
Apre m fin wè menaj mwen
Sou pis la
Kape ploge
Li t di mwen c frè l kot papa
Mwen t fin kwè
A chak moso yo leve yal danse
Jis nan fon pis la
An verite m manke dezole
Nan miami
Fason m fi n wè menaj mwen sou pis la
Ape ploge
Li t di c mwen c frè l kot papa
Mwen t fin kwè
A chak moso yo leve yal ploge
Jus nan fon pis la
Depi l fin chita
C angle lape pale
M pa komprann anyen
Paske mwen menm c just come
Depi l fin chita
Msyeu ampeche m louvri bouche
Sak pi enerve m
Msyeu bwè tout sa k sou tab la
Mesyeu lè nou renmen fè atansyon
Frè kote papa genyen kamouflay
Cheche konn tout paran menaj nou genyen
Si nou pa vle pran nan pa komprann(2x)