Ingratitude
Si ou peur l'ingratitude
Ou pap janm fe sa ki bon
Si wap panse rekonesans
Ou pap fe bien pour personne
Ou montre makak voye roche
Pou l defann tête li
Premye moun li kase tet li
C ou menm
Map mande si c yon loi naturel sa ye
Ou si c nan race nou soti a menm sa loger
Ou pran yon ti paran w à la campagne
Ou mete l lekol lavil
Ou bali tout jan de soin k genyen
Gen yon jou pou l di ou pa fe anyen pou li
Ou louvri on business ou pran yon malheureux
Ou employé li ave w,il trouve w tro alèz
Li monte yon gang li fel vin piye w
Moun nan gon problem ou gon épicerie
Li mande w ht kredi ou sevi li san traka
En plus li pa peye w li ennemi ave w
Mezanmi sa pou n fe ak ti pep sila
Le w fe byen pou yo c kom si w t fe mal
Mezanmi sa pou n fe ak nasyon sila le w fe byen pou c kom si w t fe mal
A la kot moun a l'envers
Le pou yo aplodi yo Move
Le pou yo fâché yo kontan
Le w fe byen pou yo
Yo rayi w
A la kot moun a l'envers
Le pou yo aplodi yo Move
Le pou yo fâché yo kontan
Le w fe byen pou yo
C ingratitude