Kenbe diyite w
Gen de moun ki renmen
Byen fasil yo
pa gen Kouraj pou résiste
Yo k fe nempot bagay pou yo jwen riches ak job
Sa tris pou w we moun kap fe led pou jwenn riches la terre
Moun sa yo pa genyen personnalité
A quoi bon pou w riche si moun pa respekte w
Dignité yon moun pi emportant ke tout riches
Yon riche malonet pi pov ke yon pov honnête
Ou met pov pa vann dignité w(2x)
Pa kite moun jwe ak karakte w menm si w malere
Kenbe fow kenbe dignité w san li ou pa anyen
Ou k toujou rive viv san ou pa vann dignité w
Kenbe fow Kenbe dignité w san li ou pa anyen
Le w gen dignité ou pa janm mâche tête bese
Kenbe fo w Kenbe dignité w san li ou pa anyen
Fow pa bliye c pa pou job pou w aksepte rampe
Kenbe fo w Kenbe dignité w san li ou pa anyen
(SAXO)