Lute pou w rive
Updated: Nov 8, 2018
Nan la vie
Lè w wè pi gran devan
Pa janm chèche boule etap
Pou w kab rivalize avè l
Sou podium li
Si w gade tout sa l fè reussi
Tout ti efó mennen l byen lwen
La nature choisi c tou pa l
Pou l gen succès
Sonje
Pou w fixe yon objectif
Pou w fè chemen w pas à pas
Pou w pa pran risk ki inutil
Nan fóse fè konkirans
Ti dlo ki dégoûté sou roche
Se pa du jour au lendemain
Pou l jwenn kote pou l kab chita
Se konstans nan travay
Se Force ,Persévérance
Sonje
Siw pa janm dekouraje
Si w kontinye mete nanm ou
Si w toujou rete pasyan
Wa va wè produit efó w
Tankou dlo ki koule sou roche
A fè lavi vin ramoli
Piti, Piti, wa jwenn plas ou
Wa bati renome w
Tout moun a va konnen
Lè w rive
Ti dlo ki degoute sou roche la
Se modèl pou w kab travay
Pou w w pèsevere
Pou w toujou fe efò
Lè wa va gen succès
Wa fè lavi ramoli
Tout moun a va konnen w
Ti dlo ki degoute sou roche la
Se modèl pou w kab travay
Pou n w pèsevere
Pou n w toujou fe efò
Lè wa va gen succès
Wa fè lavi ramoli
Tout moun a va konnen w
Si w pa vle lute pou w fóje plas ou
Ou pap janm rive anyen
Lute
Fò w lute pou w kab rive
Tout kote w pase
Nan tout sa wap fè
Si w pa vle lute
Ou pap janm rive
Si w pa vle lute
pou w fóje plas ou
Ou pap janm rive anyen
Lute
Fò w ,lute ,pou w kab rive
Si w pa vle travay ,ou pap janm manger
Si w pa vle lute ,ou pap janm rive
Si w pa vle lute
Pou w fóje plas ou
Ou pap janm rive anyen
Lute
Fó w lute pou w kab rive
(2x)
Composition : Raphael Telsaint
Voix ; Paul Edouard Jean