Malonèt kache
Updated: Nov 8, 2018
La vie sa se yon théatre
Chak moun ap jwe role pa yo
Tout moun ap viv sou blóf
Yo tout byen maske
Gen sa ki fó nan yo fè
Gen sa ki fo nan yo di
Yo prefere viv nan fasad
Pou fè pale de yo
Devan kay la toujou pwóp
Dèyè kay la toujou sal
Yo toujou ap pale w lèd
Pou fè w vin piti
Tan ale tan vini
Moun sa yo toujou konsa
Gran Bondye nan syel la selman
Ki pou chanje yo
Nan bouch lóm montre l serieu
Nan kè l malonèt kache
Kou l fè jou
Tankou on ti zanj
Kou l fè noire
Li se on demon
Nan bouche lóm montre l serieu
Nan kè l malonèt kache
Kou l fè jou
Li se on ti zanj
Men kou l fè noir
Li se on demon
Zanmi fók ou juje
Avan ou kondane
Ja ou wè mimi
Se pa konsa li kenbe rat
Zanmi fó w pa gade
Lèzóm sou aparans
Tou sa ou wè ki briye
Pa janm fin kwè
Ke l se dyaman
(2x)
Moun sa yo se tonbo blanchi
Sa yo di yo fè se manti
Pinga kwè nan yo
Pinga koute yo
(2x)
Moun sa yo se tonbo blanchi
Sa yo di yo fè se manti
Pinga kwè nan yo
Pinga koute yo
(3x)