Mesi manman
Mesi manmam
Li pote w nèf mwa nan vant
Lavi l s'on lanfè
Lap soufri,lap jemi l pa doli
Manje pa bon nan bouch li
A la de mizè pou ti madanm sa
Kap krache,vomi
Tout kó l kraze
Nef mwa fin passe
Moman akouchman vin rive
C priye Bondje
pou tout bagay bien passe
Sa konn rive ke gen nan yo ki mouri
Li ba w tete
C pou w t kab
Genyen lavi
Afeksyon manman
S'on bagay ki san mezi
Mesi ,Mesi manman chérie
Li lutte
C pou ou li lutte
L pase kalamiti
Pou w vin yon moun demen
L' enduire
C pou ou l 'endure
Jodia kel kontan
Paske w yon moun tout bon
Li vann chabon
Lè sa pa bon
Pou l bay ledikasyon
Li monte sou do kamyon
Cheche lavi
Nan potoprens
Anba lapli nan tout provens
Lavi l c tankou deuil
Dodo titit manman
Pou l soulaje w
Le w ap kriye
Afós li chante
Li fin tounen artiste
Moman rive
Pou w antre lekol
Mâche a Pye
Pote w sou do
C t passion l
Pou l t wew vin
Yon moun demen
Manman chérie
Mèsi
Jodia fom di w
Mèsi
Menm si mpa gen diaman
Mèsi
C ak tout kè m map di w
Mèsi
Mèsi manman chérie