Nou refuze granmoun
Nou refuze granmoun Nou vle rete timoun Depuis 1804 Nape fèmen je nou Sou sa lavi vle di Pou nou sonje selman Sa nou ta anvi l ye Eske sa'p chanje Lavi n Di mwen non Nou refuze granmoun
Nou refuze granmoun Telman nou ap soufri Yape mouri grangou Paske manje n chak jou Nou rete kon gwo pouce Nou refuze granmoun Nou vle rete timoun Pou nou ka di Kisa nou te ka fè Femen je pap Chanje sa
Se mwen Se ou Plus yo Egal nou Peyi a se pa nou Se pa mwen Se pa yo Se pa yo seul Ki ka demare li Timoun a moun Timoun pou moun Annou kite Timoun pou rad Annou tout renmen Pou lavi Pou nou ka di Yon jou tout bon vre Vive Haiti cherie Cherie,cherie
Yon seul moun Pa ka fè anyen Pou peyi a Annnou mete tèt nou Ansanm pou n demare Ann deside granmoun Chak moun Tout moun ansanm Pou yo suspann Pase peyi nou Anba pye Si nou plante Sekle, wouze Nan jwenn manje Lè sa pitit peyi a Va viv an sante
Ann deside granmoun Annou kite timoun Pou peyi nou demare Pou peyi nou avanse (2x)
Yon seul moun Pa ka fè anyen Pou peyi a Annou mete Tèt nou ansanm Pou n demare Ann deside granmoun Chak moun Tout moun Ansanm Pou yo suspann Pase peyi nou Anba pye
Ann deside granmoun Annou kite timoun Pou peyi nou demare Pou peyi nou avanse (2x)
Voix: Parisien Fils Aime Composition: Parisien Fils-Aimé