Philomise
Lè mwen
Te tou piti
Mwen tap fe ti renmen
Mwen pa t janm konn gen pwoblem
Lè mwen renmen on ti fi
Li menm li renmen m tou
Tout sa nou fè
C bel bagay
Koulya mwen vini gran
Mwen renmen Philomise
Mwen di l sa e li asepte
Apre katran nap viv
Li soti pou l kite m
Li pran plezil
Ap maltrete m
Philomise (3x)
Pitye pou mwen
Pa maltrete m
Philomise (3x)
Mwen santi m
Ap mouri
A la de gwo mizè
Ki pou yon jen gason
Kap renmen ak fi
Ki pa renmen w
Bondye pito w tuye m
Mwen pa kab reziste
Sa Philomise ap fe m pase
E mwen renmen l ampil
Mwen pa kapab kite l
Soufrans ,lapenn
Ap fin manje m
L'amour ap malmennen m
L' amour ap chifonnen m
Vreman l'amour c yon kriminel
Philomise (3x)
Pitye pou mwen
Pa maltrete m
Philomise(3x)
Mwen santi m
Ap mouri
Philomise(3x)
Pitye pou mwen
Pa maltrete m
Philomise(3x)
Mwen santi m
Ap mouri
Philomise(3x)
Men poukisa
Ou vle kite m
Philomise (3x)
Vin konsole m
Pa kite m
Texte:Giodany