Pou Timoun yo
Updated: Nov 8, 2018
Sa se pou timoun yo
Leu wap viv
Nan 'on sosyete
Ki pa gen modèl
Ou jwenn tout kalite
Timoun ap grandi
Genyen nan yo
ki sanble yo tres distinguer
Gen sa k kwè yo eklere
E yo fè sa yo vle
Paran ki pati
Al chercher la vie
Yon exode aveugle
Ki san parey
Timoun nan la rue
Timoun sans secours
Yo sèvi ak yo
Nan tout situation
(2x)
Kisa nap fè
Pou n sove yo
Kisa nap fè
Pou n ede yo
Yo pa ka manje
Yo pa janm domi nan kay
Kisa nap fè
Pou n sove yo
Kisa nap fè pou n ede yo
Sosyete
Legliz
Nou tout se gran responsab
(2x)
Kisa nap fè
Pou n sove yo
Kisa nap fè
Pou n sove yo
Kijan nap fè
Pou n ede yo
Yo pa jwenn manje
Yo pa janm domi nan kay
Kisa nap fè
Pou n sove yo
Kijan nap fè
Pou n ede yo
Responsab leta
Responsab lekol
Genyen ki san manman
Genyen ki san papa
Genyen ki san sekou
(2x)