Renmen moun ki renmen ou
Updated: Nov 8, 2018
Lavi sa pafwa
rezève ampil supriz
Pou jèn gason ake jèn fi
Kape renmen
Gendele ou renmen yon moun
Lape meprize ou
Tandiske moun lan
L ta vle a ape maltrete l
M vin trouve
Mwen menm kape fou Magalie
Li pa janm vle wè m
Toutan lape meprize m
Tandiske l renmen Gerard
Gerard pa vle wè l
E Gerard menm renmen Nicole
Nicole ap maltrete l
Moun ki renmen ou
Toujou cheche fe w kontan
Menm si l nan pwoblem
Lap ba ou
Yon sourire kan mem
Se papi cheri
Ti manman doudou
Avèk moun ki renmen ou
Pa gen pwoblem
Renmen mou ki renmen ou
Mornay tap viv ak madanm li
Renmen moun ki renmen ou
Bondieu charite l yon moso lotri
Renmen moun ki renmen ou
Li vin achte yon kay bali
Renmen moun ki renmen ou
Se leu madanm nan vire do kite l
Renmen moun ki renmen ou
Tandiske Rose tap mouri pou li
Renmen moun ki renmen ou
Tande sak rive mon ami Pierot
Renmen moun ki renmen ou
Li fyanse avek Jessy
Sepandan Jessy pate janm renmen l
Renmen moun ki renmen ou
Kou l gen pwoblem fanm nan parti
Renmen moun ki renmen ou
Nou dwe pou nou marye
Ak moun ki renmen nou
Lanmou son santiman
Ki soti nan keu
Nou dwe pou nou marye
Ak moun ki renmen n
Lanmou son santiman
Ki pa dwe gaspiye
(2x)