Sa Bèl
Updated: Nov 8, 2018
Gade kijan
W ale kite m
Pou yon flannè
Ki sot New York
Li te di w
Lap marye ave w
Ou te komprann se verite
Li pase yon fo ak sivil
Apre lune de miel lii ale
Li pa janmen domi reve w
Kounyea ou santi w dezole
Jodia ou vin mande m tounen
Mwen pa ka fè anyen pou ou
Se pou w konnen le w gon menaj
Menm si lot moun ap fe w promes
Se pa pou sa pou ou kite l
Moun nan ka bezwen profite w
Li ba ou Bondye san konfesyon
Kou l fin trouve w
Li pati l kite w
Sa bèl
Sa bèl
Ou gen menaj ou soufri avè li
Demen nou vin marye
Ah wi sa bèl oh(2x)
Fok ou pran tèt ou ti cherie
Pa cherche yon fortune rapide
Ou gen menaj ou kenbe l
Pa koute neg kap vin fe w promès
Wap mennen avek menaj ou byen
Ou kite neg la vin tante w
Kou l fi n konnen w
Li kite w
Jodi gade w nan la rue
Sa bèl
Sa bèl
Ou gen menaj ou soufri avè li
Demen lè nou vi n marye
Ah oui sa bèl oh
Sa bèl
Sa bèl
Nan chercher fortune rapide
Gade w pèdi chans ou
Ti manman
Nan chercher fortune rapide
Gade w pèdi chans ou
Ti cherie
Sa bèl
Sa bèl
Ou gen menaj ou soufri avè li
Demen nou vin marye
Ah oui sa bèl oh (2x)