Superstition
Updated: Nov 8, 2018
Ooooooooooooooo
Mezanmi
Nape lanse yon sos
A tout moun
Ki gen konesans mistik
Pou yo travay plus
Pou le byen
Le monde ap fini
Si nou pa chanje de konsepsyon
Nan plede chita fe mechanste
Detounen bon sèvo
Peyi nou pap mache
Kounyea menm la terre
Pa vle prodwi
Ou genyen di pyas
Ou pa sa manje
Yon rejim bannann
Ap vann vensenk goud
Tout bagay sa yo
Se konsekans malveyans
Pou w gate yon pozisyon
C superstition
Pou w konseve on pozisyon
C superstition
Pou w divize yon fwaye
C superstition
Pou w gate yon bon maryaj
C superstition
Pou w detounen yon sèvo
C superstition
Menm pou w jwe yon match football
C superstition
Yo fe ou di non sa w pa konnen
Ak superstition
Ou di wi san ou pa vle
Ak superstition
L 'Eternel
Si ou pa mete
Bouche nan sa
Pitit ou yo ou ap fin peri
Nap priye w
Fè lespri sen desann sou nou
Pou nou chanje konsepsyon(2x)
Pou w gate yon pozisyon
C superstition
Pou w konseve yon pozisyon
C superstition
Pou w divize yon fwaye
C superstition
Pou gate yon bon maryaj
C superstition
Pou w trouve yon boul bólet
C superstition
Menm pou w jwe yon match football
C superstition
Yo fe ou di non san w pa konnen
Ak superstition
Ou di wi san ou pa vle
Ak superstition
L' Eternel
Si ou pa mete
Bouche nan sa
Pitit ou yo
Ap fin peri
Nap priye w
Fè lespri sen desann sou nou
Pou nou chanje konsepsyon (2x)
Tout moun
Ki gen konesans mistik
Nap bay la men pou n travay pou le byen
Tout moun ki gen konesans mistik
Nap fon kombit pou n kombat enjistis(2x)
Annou travay pou le byen
Annou kombat lenjistis(3x)
Composition : Daniel Larivière
Voix : Giodany Joseph