Tribulation
La vi a genyen de pwoblem
Yon moun pap janm kap fi n konprann
Gen de bagay ou gen kap pase w
Si w pa gen tet
Ki kab fè ou fè mal
Leu m te pitit
Mwen te lakay manman mwen
Mwen te konn fè sa mwen vle
Paske li te renmen m anpil
Ni l pa te janm konn jennen mwen
Leu sa mwen tap viv san pwoblem
Yo te gade m tankou prens
Vwala manman mwen vin tonbe l mouri
Apenn mwen te genyen onzan
Leu sa mwen pat menm pran lapenn
Paske m te wè m te telman alèz
Kómè Cecile ki te byen ak manman mwen
Ki di mwen vini kote li
Wi mwen te oblije aksepte
Paske m te wè li pa t gen pitit
Se leu mwen genyen desètan
Li konprann pou l fè la lwa
Apa de lekól
Li pa vle m sóti
Mwen oblije reziye mwen
Mwen renmen foutból
Mwen renmen muzik
Li di m ke l pa nan pwen sa
Pa mande Bondyeu
Leu lape babye
Mwen louvri bouch mwne avèl
Li di mwen li pa jennen mwen
Nenpót leu m vle
Mwen mèt ale
E se mwen k konn tout afèl
Si mwen ale la mal pou li
Ti komisyon li
Tout ti afè li
Lap fè an sekrè
Se mwen k pou fè yo
Tout tan lape di mwen ale
E si m ale
La va mal pou li
Tout tan lape di mwen ale
E si m ale
La va mal pou li
Li toujou ap ple
Di Dyól li pa dou
Nanpwen anyen w pote
Ki janmen gate
Voix Girodani Joseph
Texte: Daniel Larivière