Vision
Updated: Nov 8, 2018
Fó ou ka gen vision
Nan lavi ou
Pou ou kab realise l
Fó ou pa pèdu tan ou
Nan chita fè mediokrite
Li ta toujou bon
Fè efó pou w kab grandi
Konsa ou pa bezwen
Rayi frè ou fanmi
Si w byen konprann lavi
Ou dwe toujou lute
Pran responsblite ou
Pa jete faute ou
Sou pesonn
Si ou pa reusi
Se paske ou
Pa t gen vision
Aprann reflechi
Pran sans
Lute pou w rive
Si w byen konprann lavi
Ou dwe toujou lute
Pran responsablite ou
Pa jete fot ou sou pesonn
Si ou pa reusi
Se paske ou pa t gen vision
Aprann reflechi
Pran sans lute pou w rive
Route ki long nan
Son premye pa ki komanse l
Sa mande vision
Yónn nan bousol ki pou gide w
(2x)
Ou menm ki lekol
Ki vision ou pou ou demen
Ou ta renmen
Yon bon medecin
Physicien
Fók ou ta byen komanse
Ti pa ti pa
Wa rive kote
Ou vle ale a
Route ki pi long lan
Son premye pa ki komanse l
Sa mande vison
Yónn nan boussol ki pou gide w
(2x)
Vision
Ka fè ou fè
Rèv ou tounen yon realite
Vision
Ka fè ou rive
Konkretize tout sa ou gen pou w fè
Vison
Ka fè ou fè
Ou vin devenu sa ke ou te swete
Vision
Ka fè ou rive
Fè tout moun di ke ou t byen panse